Pou plis konsèy sou sante w:
Pou plis konsèy sou sante w:
Esklizyon responsablite: Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy founisè swen medikal ou a. Mande l pou plis enfòmasyon sou sijè sa a.
Atribisyon: Se Depatman Sante Florid ki bay finansman, sipòte an pati pa pwojè H5MMC10873 nan Depatman Sante ak Sèvis Imen, Administrasyon pou Sèvis ak Resous Sante, Biwo Sante Matènèl ak Timoun Etazini (Tit V, Lwa Sekirite Sosyal).
ÈSKE M PRAL GEN TRANCHE PI BONÈ PASE LÈ M TA DWE GEN TRANCHE?
Aprann kèk siy tranche prematire (twò bonè) ak ki lè pou al lopital.
Tibebe ki fèt twò bonè kapab gen plis pwoblèm sante oswa yo oblije rete lopital pi lontan. Lè w aprann siy tranche prematire (twò bonè) yo, sa kapab anpeche tibebe w lan fèt twò bonè.
• Kontraksyon yo ka fè vant ou vin sere tankou yon pwen ou fè avèk men w chak 10 minit oswa pi souvan.
• Chanjman nan ekoulman vajinal (likid oswa san k ap koule sot nan vajen w)
• Ou santi tibebe w la ap pouse desann.
• Doulè nan do ki leje, ki pa egi.
• Doulè ki sanble ak doulè lè w gen règ ou.
• Doulè nan vant avèk dyare oswa san dyare
Ki sa pou fè: chanje mo yo: Rele founisè swen medikal ou a oswa ale nan lopital la toutsuit si ou panse ou gen tranche prematire (twò bonè).